Lang nou se idantite nou

Lè ou kominike ak yon moun nan lang manman li ak papa li, se yon gwo siy respè pou li. Menmsi ayisyen an pale lòt lang, gen yon alèz li gen nan pale kreyòl li pa gen nan pyès lòt lang. Se pou sa si w bezwen kominike ak ayisyen nan respè, fè l an kreyòl.

Kreyòl pale Kreyòl konprann

Creole Solutions angaje li pou fè pwomosyon lang kreyòl la kòm yon lang modèn pou tout ayisyen regle biznis, fè levasyon pitit yo, ekri lwa ki pou regle fonksyònman nou elatriye.
 
Nou kwè lè nou bay lang kreyòl la respè li merite a, nou ede kore tout kominote ayisyen an alawonnbadè.
 
Biznis nou senp: Nou ede antrepriz ak òganizasyon tout kalte al jwenn kominote ayisyen an tout kote yo ye sou latè nan lang yo ki se kreyòl ayisyen an. Nou pran mesaj ou anvi fè pase a, nou ba li bèl son ak koulè lakay pandan n ap pran tout remak ou yo nan tout pwosedi travay nou an. Se pou sa, Creole Solutions gen yon ekip tradiktè pwofesyonèl ki toujou la pou sèvi w ak pwofesyonalis epi respè.

Ki valè nou ka kreye pou ou

  • Nou fokalize sou yon sèl lang.

    Kreyòl pa youn nan plizyè lang nou tradui. Se sèl lang nou tradui – lang peyi ki rele Ayiti a.

  • Nou se maton nan kreyòl la.

    Nou gen plis pase 15 lane depi n ap ofri tradiksyon kreyòl pou òganizayson nan tout kat (4) kwen mond lan.

  • Nou angaje tèt nou.

    Lè n ap tradui yon dokiman, kèlkeswa sa li ye a, nou pran san nou ak tan nou pou n fè tradiksyon an nan respè tout prensip etik yo.

  • Nou la pou ou.

    Travay nou pa fini apre nou fin livre yon tradiksyon. Ou ka konte sou nou pou nenpòt chanjman oswa lòt bagay ki pa klè pou ou ki se kliyan nou.

Canva Design DAFIAfdel1Y

Kalite dokiman nou tradui

Ekip Kreyòlis nou yo gen plis pase 15 lane ap tradui tout kalte dokiman pou antrepriz ak òganizasyon ayisyen ak etranje.

Sa yo mande nou tradui souvan
  • Liv
  • Atik
  • Sondaj
  • Nòt pou laprès
  • Bilten enfòmasyon 
  • Lèt pou paran
  • Leson ak Egzamen


  • Sitwèb
  • Aplikasyon mobil
  • Fim
  • Dokimantè
  • Entèvyou
  • Reklam
  • Leksik Espesyalize

 

Pwomosyon lang kreyòl la

Creole Solutions angaje l nan fè pwomosyon lang kreyòl nan tout sa l ap fè. Travay nou nan kominote ayisyen an se ankouraje w, dekonplekse w lè w ap itilize kreyòl, pandan n ap montre w fyète ki genyen nan itilize lang manman w ak lang papa w kòm lang pou kominike.

Nan Jaden Amoni

Nan Jaden Amoni se yon pwojè kote nou pran plizyè kont selèb epi nou adapte yo nan lang kreyòl ayisyen an, nan kilti lokal la. Natirèlman, nan kont yo w ap jwenn anpil vokabilè ak ekspresyon ayisyen.

Nou adapte yo ak reyalite ayisyèn nan pandan nou pran an kont valè moral ak abitid nou yo. Se yon liv tout moun, sitou paran yo, ka itilize pou pataje, kominike, echanje ak timoun yo pandan y ap tou aprann kreyòl ayisyen, kilti lokal la, ak valè moral yo ki se nannan ayisyen an. Kont yo montre kòman nou fò lè nou viv nan Amoni.

Rekèy sa a disponib nan vèsyon papye, elektwonik, ak odyo sou Amazon.

Nan Jaden Amoni Kids
20220329_111816-1

Fè pati mouvman fè l an kreyòl la

Rezo sosyal yo se yon zouti ki enpòtan anpil nan fè pwomosyon nenpòt ki aktivite jodi a. Se pou sa nou menm nan Creole Solutions nou toujou mete lang kreyòl ayisyen devan nan tout piblikasyon n ap fè sou rezo yo. Paske nou rann nou kont chak fwa w itilize lang kreyòl sou rezo yo, motè rechèch yo vin pi enterese ak lang pèp ayisyen an. Se pou sa nou ankouraje tout ayisyen pou yo kominike nan lang yo sou tout rezo sosyal yo.

Suiv nou pou w ka ekri ak li an kreyòl chak jou!

Nou afilye ak

IMG_0300
ALC-Logo-Only
ATA_logo_web_corp-275x300
mati
WBENC-Logo-2019

Like What You See?

Order Translation